Whatsapp youn nan aplikasyon gwoup Facebook la ap fè yon ajou nan kondisyon sèvis li yo , ajou sa a ap afekte tout itilizatè yo atravè mond lan. Soti 8 fevriye, 2021, yo pral fòse tout itilizatè yo aksepte yo, otreman yo p'ap kapab sèvi ak whatsapp.
Ki sa kap chanje ?
Depi kèk tan, WhatsApp te pèmèt Facebook pran kèk nan done pèsonèl itilizatè li yo, men sèlman sou yon baz volontè savle di se si ou te vle. Soti nan 8 fevriye, jan yo te dil la sou yon notifikasyon ki afiche pou tout itilizatè yo, li pral obligatwa pou aksepte pataje enfòmasyon sa yo. Sinon aksè a WhatsApp pap posib ankò.
Ki done yap pran ?
Plizyè kalite done yap pataje ak Facebook ,men tou ak lòt antite ki pou gwoup Facebook la tankou Instagram, messenger … men enfòmasyon yo pral pran yo :
Remak enpòtan, kontni ki nan mesaj yo (tèks, foto, videyo) pa nan pataj sa a paske WhatsApp se yon sistèm mesagerie chiffre li ye.
Ki konsekans pou itilizatè yo?
Kounyea Gwoup Facebook la klèman nan yon pwosesis pou kapitalize done, se poutèt sa yo te achte whatsapp en 2014. Gwoup la ap chache monetize WhatsApp - ki pa fè lajan pou kounyea.yap pèmèt biznis yo kontakte kliyan yo atravè Whatsapp, sa vle di fè piblisite sou whatsapp, oubien yo ka menm vann pwodwi yo dirèkteman sou li, menm jan sa gentan fèt nan peyi Inde.
Ki lot aplikasyon ou ka itilize ?
fas ak nouvo règleman sa yo, anpil moun te deside kite WhatsApp pou lot aplikasyon , tankou Telegram oubien signal. Telegram ak Signal ap bat reko download sou Android ak Iphone. Sitou pou signal ke espesyalis yo konsidere kòm youn nan aplikasyon ki pi an sekirite .
Laisser un Commentaire
Commentaire (2)
GOOD
Merci